Otorite Wanament e Dajabón reyalize yon gwo rankont nan kad kriz ki genyen sou Fwontyè a depi jedi 20 oktòb pase a

1,291

10-23-2022

Wanament, Ayiti __ ( TRiboLAND) Otorite sou 2 bò Fwontyè a te reyalize samdi 22 oktòb 2022 a, yon gwo Rankont sou Pon ki relye Mache transfwontalye Wanament la ak mache Dajabón lan nan lide pou yo te kapab diskite sou kriz ki genyen sou Fwontyè a depi jedi 20 oktòb la kote divès sitwayen ayisyen te deside fèmen Fwontyè a jiskaske yo te rive anpeche mache Dajabón nan fonksyone.

Majistra titilè komin Wanament la, Luma Démétrius ki te pran lapawòl nan sikonstans lan raple se pon an ak rivyè a ki separe 2 pèp yo, antan ke Moun sivilize, se nòmal pou n diskite poun jwenn solisyon a pwoblèm ki ekziste nan mitan nou. Li te tou pwofite bay lapawòl a omològ li Santiago Ribelon ki, sou bò pa li wè li enpòtan pou jan de rankont sa yo fèt pou yo eseye jwen yon solisyon a kriz la pandan l pwofite fè konnen dominiken an se yon pèp ki byen òganize. Li presize si genyen yon pwodwi ki entèdi, nou pa dwe pote l.

Sou kesyon gaz, kamyon yo genyen 2 tank, nou kapab bay aksè pou yo plen yonn sèlman selon sa li diskite avèk kolonèl la. Tou swit aprè, grevis yo ta pral gen lapawòl.

Genyen plizyè rankont kap gen pou fèt ant otorite lokal 2 peyi yo nan lide pou yo kapab kontinye bouske solisyon a divès pwoblèm kap sakaje labil moun kap frekante Fwontyè a, espesyalman komèsan ayisyen yo.

Nap raple, genyen plizyè enstans nan leta lakay nou an ki te patisipe nan rankont binasyonal sa a. Nou te remake prezans reprezantan Visdelegasyon, PNH, Ladwann, Imigrasyon, Meri Wanament, MCI, e latriye.

Jn Simon Manex

Comments are closed.