Direktè Ministè Jenès Espò ak ak Aksyon Sivik depatman Nòdwès la, anonse lansman kèk aktivite pou lekòl yo

2,917

John Jean Jacques

02/11/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan kad yon konferans pou Laprès, Direktè Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik depatman Nòdwès la, Walkens Joseph, anonse lansmam “Je Eskolè” yo nan twa komin nan depatman an.

1 mwa ak kelke jou depi li te enstale kòm direktè Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik nan depatman Nòdwès la, Walken Joseph prezante jounen jedi 10 fevriye 2022 a bay Laprès ansanm aktivite ke lap gen pou l reyalize pou ekolye ak ekolyè yo nan twa komin nan depatman Nòdwès la pou rès ane lekòl la (Pòdpè – Jan Rabèl ak Senlwi). Nan Site Kapwa Lamò a, aktivite espò sa yo ap gen pou fèt nan 4 kategori, U13, U15, U17 ak Openn pou fanm tankou gason. Pou kategori U13 ak U15, match yo ap jwe sou teren lekòl kay Pè yo, alòske pou match U17 ak Openn yo, yap gen pou yo jwe sou Pak Kapwa Lamò nan vil Pòdpè.

Pou pipiti, 70 lekòl pral angaje yo nan “Je Eskolè” yo pou rès ane a. 12 lekòl nan kategori U13, 18 lekòl nan kategori U15, 18 lòt nan kategori U17 ak 22 lekòl pou kategori Openn nan.

“Je Eskolè” ap demare nan chèf lye depatman Nòdwès la jodi vandredi 11 fevriye 2022 a nan Pak Kapwa Lamò nan kategori Openn (gason). Seremoni lansman yo ap kòmanse a 12h pm won kon boul. Yon defile ap sòti nan Lise “Tertulien Guilbaud” pou kandale desann nan Pak Kapwa Lamò. Konsa, a 2h 00 pm ap gen yon match zanmitay fanm ak fanm kap mete fas pou fas Kolèj Maranata kont Kolèj Sen Fwanswa. Aprè match zanmitay sila a, swa a 4h, premyè rankont “Je Eskolè” yo ap jwe, e se Kolèj Maranata (gason) kap twoke kòn li ak Kolèj Konsèvatris (gason).

Pou komin Jan Rabèl, “Je eskolè yo ap demare dimanch kap 12 fevriye 2022 a.

Comments are closed.