Eske Nòdwès reyèlman anfòm pou fè fas ak kovid-19 la?

0 476

Pòdpè___(TRiboLAND)  Aktivite yo ta sanble ap timidman antre nan vi ralanti, selon konsta divès repòtè TRiboLAND fè nan depatman Nòdwès. Divès lokalite konsyan de konsiyn pwoteksyon kont kovit-19 la, sepandan anpil nan yo pa wè oken mwayen pou evite dega.

Nan kèk lokalite avwazinant, vilgarizasyon mesaj pwekosyon sou kowonaviris la ta sanble ap byen pase. Gras a sèten otorite ASEK ak KASEK san konte nivo konsyans moun ap viv chak jou ta vle fè kwè ke mesaj la arive pran jarèt e fè chemen l; konsyantizasyon sou pwekosyon inivèsèl yo klèman obsève atravè woutenn kotidyen yo; fenomènn bokit dlo klore a pwèske antre nan kotidyen moun kap viv nan diferan kwen nan depatman Nòdwès la.

Paralèlman, enplemantasyon distans sosyàl la ta sanble gen anpil difikilte pou moun arive dijere l. Pou kèk moun lap pran anpil tan antèm pwosesis adaptasyon. Pou divès lòt, li makònnen ak bezwen ekonomik klas defavorize a ki oblije soti chak jou pou boske yon ti bat bouch. Konsa, pran you taksi kèlkonk pou arive nan mache enfòmèl la, se fwanchi je fèmen nan vyolasyon avèk regleman distans sosyàl yo. Ki donk, nan kèk kote sitwayen yo gen tan byen limite pou yo fè mache. Pou majorite mache yo, otorite lokal yo limite orè fonksyònnman yo; men malman moun poko wè ke sa reskekte totalman.

Antèm aplikasyon mas, yon moun kapab atann a yon seri konsekans fatalite san pwesedan, si aplikasyon mas nan popilasyon yo pa fèt masivman. Malgre feblès ou danje sa pwezante nan distansyasyon sosyàl la, anpil moun pa mete mas lè yo sou moun. Degaje postiyon nan figi lòt moun se plis ke fè divè pou yon bon majorite sitwayen kèpòpòz! Ou gen enpwesyon ke leta a gen kote li pa ka rive; ou byen li chwazi pa mete disponib ase fon atravè mass media yo pou vilgarize diferan aks striktirèl atravè yon plan estratejik onivo piblisite. Defayans yo montre ke pa gen twòp kanalizasyon sèvis ki fèt sou pwovens yo. Anplis, Ayiti konte sèlman 1000 tès pou tout repiblik la; tout sa venn mete ankoz validite chif moun ki afekte nan kovid-19 la. Kanpay avèk bokit dlo a byen pran nan depatman Nòdwès la! Ou ka wè, gen plis konsyantizasyon sou mouvman “bokit dlo a” ke “distans sosyàl” ak “mete mas” la.

Enkonvenyan sa yo te kapab rezoud si gouvènman an te asepte desantralize jerans kowonaviris la ki plis sanble yon plan ki vize pou pwoteje Pòtopwens sèlman; pwosede ak lansman yon vas kanpay de motivasyon atravè enstalasyon yon seri gwo depo pwovizyon alimantè (tankou foundasyon CARE) nan divès kwen kominotè; asoupisman ekonomik pou fasilite moun pa pran lari; finalman lansman ou maksimize yon kanpay edikasyon e sansibilizasyon pou moun pote mas e distribisyon masiv e gratwi mas.

Pa egzanp anpil espas ke moun te konn itilize pou fè mache enfòmèl nan vil Pòtpè, blanch jounen jodi a. bokit tout kalite nan envite moun vide dlo klore tradwi tout yon obligasyon fwatènèl ak volonte pou konbat viris la. Sepandan, tout sa pa sufi! Wout la long e gen anpil strikti ki pa ajiste nan Nòdwès, ki pèmèt ke nou pa wè klè nan kad pweparasyon pou batay kont kovid-19 la kap fè dega nan tout kwen an monn lan.

Leave A Reply