Òganizasyon Zanmi Devlopaman te rann yo nan Basen Ble aprè pasaj tonad la

821


05 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon Zanmi Devlopaman ki baze-l nan vil Pòdpè vizite komin Basen Ble samdi 25 me 2024 la, kèk jou aprè pasaj tonad la pou konstate dega yo. Me Frantzly Baltazard ak plizyè kolaboratè pwofite yon parèy vizit pou eksplore vil diferan rejyon afekte yo nan komin Basen Ble.

Nan ti bat bouch ekip zanmi devlopaman yo te fè ak ajan egzekitif komin lan, Tony Manigat, sitiyasyon Basen Ble a grav anpil, avèk pasaj tonad la se chay sot sou tèt tonbe sou zepòl. Anplis kay demoli ak moun ki blese, divès peyizan pèdi zannimo ak jaden ki se veritab resous yo.

Daprè responsab zanmi devlopman yo, Leta pa ka sèlman konstate dega yo nan komin Basen Ble. Dirijan yo dwe pote asistans rapid ak peyizan sa yo ki viktim, ki te deja ap viv yon vi mizerab. Yo pwofite okazyon sa pou mande manm konsèy prezidansyèl yo pou aji vit yon fason pou relanse aktivite yo nan peyia.

Comments are closed.