Direksyon depatmantal polis Nòdwès jwen youn nan prezime asasen enspektè Johnny Brizett la nan Basen Ble

285

Pòdpè____(TRiboLAND) “Nan kad ankèt ki tap mennen pou chèche lotè asasinay Enspèktè polis komin Basen Ble a ane dènye, Johnny Brizett ke 2 bandi te antre anndan pòs polis la e krible’l avèk bal; konsa, nou genyen devan nou jodi lendi 10 out 2020 an, Jean Renald Dorsaint, ki tap fonksyone sou senk non nan Pòtoprens,” se avèk entrodiksyon sa ke komisè gouvènman depatman Nòdwès la, Jean Volny Bellamin resevwa diferan jounalis nan yon pwen près matinal nan vil Pòdpè.

Jean Renald Dorsaint

Selon Mèt Bellamin, prezime asasen an, Jean Renald Dorsaint tap opera ak plizyè group gang. Osito DCPJ te arive mete men sou li, juridiksyon an rekòmande transfè li an fonksyon kote li fè pi gwo krim nan.  Mesye Bellamin felisite gouvènman an ansanm ak minis Jistis la ki te pèmèt transfè gwo pwason sa posib.

Konsa, Direksyon depatmantal polis Nòdwès kontinye ap chèche tankou chyen fou yon lòt prezime bandi ki te patisipe nan asasinay enspektè Brizett la egalman. Kidonk, Mesye Dorsaint se yon gwo pwason ke yo pran nan nas la ki fè prizon deja e abitye evade, daprè rapò DCPJ yo.

Anatandan ke dosye a fè wout li nan kabinè, Komisè gouvènman Jean Volny Bellamin pa sispan reyitere volonte li pou kontinye mete men nan gagann bandi yo kèlke swa kote yo fè krim nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.