Pòdpè : Plizyè lekòl òganize Premyè Kominyon pou plis pase yon santèn timoun

934


05 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè lekòl òganize Premyè Kominyon pou plis pase yon santèn timoun jodi dimanch 26 me 2024 la, nan katedral Pòdpè a. “Institut Classique Toussaint Louverture”, “École Notre Dame du perpétuel secours” ak “Amour en action” se pami enstitisyon sa yo ki pèmèt timoun yo resevwa sakreman sila aprè yon bon tan yo tap prepare.

Anplis Premyè Kominyon, Legliz Katolik selebre tou fèt Trinite, yon gwo fèt nan litiji Legliz la, kote Papa, Pitit la, ak Lespri Sen an fè yon sèl. Se egalman fèt tout manman ki toujou tonbe dènye dimanch nan mwa me kote tout moun mete bay yon atansyon soutni ak valorize manman yo.

Nan omeli sikonstans lan, Kire Pawas la Reveran Pè Jocelyn Dolcé, mete ak san sou 3 evènman sa yo, kise : Premyè Kominyon timoun yo pral resevwa, fèt Trinite a, ak fèt Manman.

“Rete nan dwati ak prensip se yon aki kap pèmèt nou reyisi”, se konsèy Pè Dolcé pwodige bay timoun yo nan okazyon an. Monpè kontinye pou li raple ti moun ke manman yo ak tout lòt manman gen enpòtans nan lavi yo. Respekte yo se yon obligasyon!

Comments are closed.