Yon nouvo Plas piblik pran nesans nan Site Kapwa Lamò a.

868

01 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan tèt kole ak gouvènman ayisyen an, Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) konstwi nan vil Pòdpè yon mini Plas piblik nan ri Monfort, ki twouve li nan do legliz Sen Monfort, nan zòn Sant vil la.

Nan kad dyalòg nou te genyen ak kèk sitwayen nan zòn nan konsènan reyalizasyon pwojè a, ta fè nou kwè ke pwojè a rive reyalize se gras ak angajman kèk manm nan sosyete a ki te wè nesesite pou zòn nan te benefisye yon bèl espas pou lwazi.

Konstriksyon mini pwojè sila jwenn benediksyon gouvènman defakto Ariel Henry a pou yon peryòd 3 mwa ki egzekite anba lobedyans Care-Haïti.

Poze kesyon pou konnen, konbyen kòb ki depanse nan konstriksyon mini plas sila, jiskaprezan pèsòn pa anmezi pou founi esplikasyon ak korespondan TRiboLAND yo.

Comments are closed.