Florid: Syantifik yo pral lage nan anviwonman an plis pase 750 milyon marengwen “OGM” an 2021

281

Florid____(TRiboLAND) Marengwen “mal” yo ke yo modifye, genyen nan yo yon proteyin ki kapab touye desandan marengwen “femèl” yo, ki se inikman yo menm ki abitye pike moun.

Antouka, otorite Florid yo apèn sot otorize yon program ki pral lute kont marengwen. Atravè program sa, yo konte relache 750 milyon ensèk jenetikman modifye nan lanati. Yon parèy operasyon ap gen pou lanse nan ane 2021 an, daprè sa ki vin jwen TRiboLAND.

Vize program nan gen pou wè avèk desann fe ak radiyès marengwen yo e diminye kantite marengwen Aedes aegypti yo, ki se responsab propagasyon yon krèy maladi tankou: deng, chikungunya ak fyèv jòn yon fason pou viv nan yon pi bon anviwonman.

Sou non kod OX5034, marengwen yo te modifye anba lobedyans yon sosyete ki pote non Oxitec, ki te jwen benediksyon gouvènman ameriken mwa me dènye.

Comments are closed.