Zak bandi nan Ti Bwadòm leve pote ale bwat sekrè Kès Popilè Koperativ pou Lespwa (Koplès) ak plizyè lòt anplwaye

272
0
Share:
TRiboLAND

Basen Ble, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sanginen kap opere nan zòn Ti Bwadòm fè gwo atak sou Kès Popilè Koperativ pou Lespwa (Koplès) nan komin Basen Ble jodi jedi 18 septanm 2025 lan.

Selon enfòmasyon yo, atakan yo pote ale plis pase 5 milyon goud nan kès la, an menm tan yo kidnape Direktè enstitisyon an ak yon lòt anplwaye. Pandan zak la, yo lage de (2) ajan sekirite ki te nan men yo.

Bandi yo pat sèlman pran lajan ak anplwaye yo. Yo tire sou dèlko enstitisyon an, kraze plizyè òdinatè, e yo kite lokal la nan yon eta dezas.

Pou kounye a, ni otorite yo, ni fanmiy yo pa gen nouvèl sou Direktè a ansanm ak lòt anplwaye ki nan men kidnapè yo. Sitiyasyon sa a kreye gwo enkyetid nan mitan manm ak kliyan Koplès yo, ki deja ap mande plis mezi sekirite pou pwoteje enstitisyon finansye yo nan zòn rejyon an. ‎

Share:

Leave a reply