Aprè 3 jounen fòmasyon avèk Fondasyon TRiboLAND.com, jèn Montoganize santi yon rejwi

574
0
Share:
TRiboLAND

Montoganize, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè 3 jounen fòmasyon gratis nan komin Karis, kòdinasyon Fondasyon TRiboLAND nan depatman Nòdès peyi Dayiti, delivre yon lòt fwa ankò 3 lòt jounen fòmasyon gratis nan komin Montoganize.

Plis pase yon santènn patisipan te pwofite pandan moman vakans lan, mete yon bagay nan tèt yo, yon fason pou yo pa kite jenès yo pase anba men malfwendeng ki kapab sedwi yo nan aktivite gang, vòl, pwostitisyon ou debòch. Se pa premye fòmasyon gratis ke komin Montoganize resevwa nan men TRiboLAND; sepandan, seyans sila te trè espesyal. Patispan yon benefisye plisyè fòmasyon nan plizyè seyans nan 3 jounen konsekitiv sèlman.

Yo aprann transfòme yon latriye fwi lokal an pwodwi tankou kremas anana, pomad pou cheve e doulè e latriye. Akote fabwikasyon pwodwi sila yo, yo te genyen okazyon egalman, pou te apran resiklaj, itilize yon seri pwodwi abaz bidon plastik e transfòme yo an bale, rido, tas pou bwè diven e latriye. Konsa, jèn sila yo dote yon parèy konpetans atravè Fondasyon TRiboLAND ak ekip kòdinasyon lokal la tankou Enjenyè Loulou ak Pastè Thelius, sè Marie, madam Silvanie, direktè Micanorlatriye. Yon gro kout chapo pou majistra rejyonal ki te akeyi yon parèy inisyativ.

Antouka, tout sa ki kapab priye, priye pou TRiboLAND! Menas ak zak malfèktè kont medya anlynn TRiboLAND.com e Fondasyon TRiboLAND pa piti! Kidonk, yon bon valè swadizan ayisyen pa vle moun antreprann absoliman anyen ki genyen pou wè avèk ede lòt moun fè fas ak lavi mizèrere a nan peyi Dayiti, patikilyèman jèn nan zòn rekile yo. Yo ba yo tout kalite “non”, yon fason pou tout fòmasyon gratis pa arive ateri nan rejyon sila yo. Yon gro kout chapo pou majistra rejyonal Montoganize a, ki te akeyi avèk anpil “fairplay” e “ospitalite”, yon parèy inisyativ.

Antouka, randevou kase pou yon lòt seri fòmasyon gratis ki pral demare demen 14 dawou a, nan lokalite Rozbonit, avek fòmatè ou chimis John, yon pwofesyonèl ki devlope yon kapasite kognitiv ki enpekab.

Share:

Leave a reply