Me Edler Louimar, avoka nan bawo pòdpè, estime pa gen okenn enstitisyon nan peyi a kap fonksyone

260

10\10\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou nan mikro korespondan TRiboLAND, Me Edler Louimar avoka nan bawo pòdpè a, estime pa gen okenn enstitisyon nan peyi dayiti k ap byen fonksyone.

Avoka a, ki li menm panse yon lòt ayiti posib atravè RDK, yon sig ke l poko vle defini, mande ak sosyete ayisyèn nan pran responsabilite yo paske pi devan se va pi tris.

Me Edler Louimar



Sepandan, Me Edler Louimar ki li menm trè optimis nan kad chanjman peyi dayiti a, panse l kapab efektif atravè yon chanjman mantalite. konsa, avoka a lonje dwèt li sou twa pouvwa nan leta a, notaman pouvwa jidisyè a, kotel mande ak aktè konsène yo respekte senbòl jistis la.

Me Louimar nan kad entèvyou an pa mete dlo nan bouch li, poul denonse konpòtman sèten komisè ak jij sitou nan pakè pòdpè a, ki pa raple yo de senbòl jistis la ki se “yon fanm ak de zye bande” men ki prefere bay jistis selon koulè, fanmi, ak mwayen ekonomik elatriye…

Yon lòt bò, li lonje dwèt li sou sèten avoka k ap fonksyone an grenn senk e ki mare sosis yo ak jij e komisè.

Me Edler Louimar, ki li menm takse sèten avoka kòm raketè, mande yo resezi yo e konseye yo pran chimen liv yo; konsa yo va fonksyone kòm yon seri pwofesyonèl de metye.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail. com

Comments are closed.