SOS/SOS : Pou moun Nazon, Solino ak Dèlma : Kowalisyon gang “Viv Ansanm” dechennen nan zòn sa yo.

825


05 – 01 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Kowalisyon gang “Viv Ansanm” fin dechennen ! Divès abitan k’ap viv Solino, Dèlma 24 ak nan zòn Nazon, pete kouri kite lakay yo pandan , tèlman Kowalisyon gang Viv Ansanm ap simen latwoublay devan kou dèyè.

Evènman sa a lakòz, majorite abitan yo lage pye yo nan fènwa a, san yo pa konnen ki kote yo pral refijye yo.

Pou evite, plis moun pèdi lavi yo ak plis kay pase anba flanm dife, yon SOS lanse ak ajan PNH yo, pou rive wè nan ki fason yo ka vide divès ti de gout dlo pou rafredi gang yo.

Comments are closed.