Rapò ankèt ULCC sou CNE: lis yon ekip sangwen demolisè ki ta dechalbore peyi a nan vòlè byen Leta

1,075

11-16-2023

Dapwè Rapò ankèt ULCC sou Centre National Equipements (CNE), nan kad chèche konnen tras anjenlou larepiblik yo, genyen yon seri fonktyonè Leta ak asyen eli dinyite tankou senatè, konseye, pèsonalite politik ki genyen men yo tranpe ragagann nan depatcha ou vòlè ekipman peyi Dayiti.

Selon rapò swasant apepwè paj ULCC a, genyen apepwè 78 materyèl woulan ke moun sila yo ki apepwè 16, ta vòlè nan kad efondreman peyi Dayiti. Me lis pwezime vòlè materyèl yo:

  1. Delege depatman Nip lan, Morel Espérance Hérard : 2 kamyon ak yon bulldozer
  2. Ansye Depite Claudy: 1 kamyon, yon gradè e yon pèl
  3. Willy (jan sa pwezante nan lis CNE a): yon kamyon Isuzu
  4. Ansyen-konseye Oés Daniel: 2 bulldozer, yon gradè, yon konpaktè e yon kamyon Mack
  5. Ansyen Depite Malherbe Francois: yon bulldozer
  6. Ansyen Depite Pierre Bel Ange: yon bulldozer
  7. Ansyen Senatè Willot Joseph: yon loader Caterpillar
  8. Ansyen Senatè Francisco Delacruz: yon bulldozer D7
  9. Ansyen Depite Worms Périlus: 2 gradè cat, yon kamyon Isuzu e yon backhoe loadè
  10. Ansyen Depite Clovis Obas: 2 kamyon Inter, yon konpaktè e yon kamyon Mack
  11. Ansyen Depite Wolf Papillon: 5 kamyon, 3 konpaktè, 2 bulldozer, 2 pèl, yon kamyon sitèn, NU, yon loadè, yon Sakai, yon bulldozer D9, e yon woulo lis
  12. Wily : yon kamyon Isuzu
  13. Sergot Remarais: Isuzu
  14. Fortuné Marthy: yon kamyon Inter
  15. Marcelin Jean Claude: yon kamyon Inter
  16. DelimontRoosvelt: yon kamyon

Nap raple, anpil nan sangwen demolisè sa yo, kontribye nan efondre peyi Dayiti. Yo akapare byen Leta, kòm byen pwive yo e anpeche Leta delivre sèvis. Anpil moun ta swete wè Lajistis, pa non sèlman rekipere materyèl vòlè yo, men sezi byen sangwen enpostè sa yo pou dedomaje Leta a ak popilasyon ayisyèn nan ki pa janm benefisye sèvis materyèl sa yo.

Comments are closed.