Nan zònn solèy leve peyi Lachinn, 36 moun mouri nan yon efondreman yon otowout pwemye me a nan sid peyi a.

833

05 – 02 – 2024

Guangdong, Lachinn_____(TRiboLAND)  Se yon nouvo dram ki fwape repiblik popilè Lachinn. Jounen pwemye me a, yon otowout ki trouve li nan zònn solèy leve peyi a, efondre e pwovoke lanmò 36 moun dapwè yon kominike ke otorite chinwaz yo mete deyò jodi jedi 2 me 2024 la.

Selon yon seri sous, anpil lapli balewouze tap fwape pwovens Guangdong e ta sanble se sitiyasyon sila yo ki ta pwovoke yon parèy dràm.

Pwezidan chinwa a egzije sekouris yo pou yo miltipliye plis bwas ki kapab fasilite rapidman operasyon sovtaj yo pi vit sou plas ak tretman blese yo. Se konsa, gouvènman pwovensyàl la gonfle ponyèt yo seryezman pou mobilize tout fòs elit espesyalize yo key o divize an kat gwoup yon fason pou byen Mennen operasyon rechèch ak sovtaj yo.

Lachinn genyen plizyè semen depi lap pran lanm anba gwo lapli Lavalas dlo; anpil ekspè lage responsablite a sou chanjman klimatik yo.

Comments are closed.