Kowalisyon pou sove komin Tigwav drese yon tablo sonb sou ensekirite kap fini ak pèp ayisyen an,nan okazyon selebrasyon 36 lane konstitisyon 29 mas 1987 la.

966

03-29-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kowalisyon pou sove komin Tigwav ak Emèjans Patriyotik, nan okazyon selebrasyon 36 lane konstitisyon 29 mas 1987 la, bay yon konferans pou la près jounen mèkredi 29 mas 2023 a, nan lide pou drese yon tablo sonb sou ensekirite jeneralize a kap bwase bil peyi a.

Pòt pawòl pou sove komin Tigwav la, Berthony Borgella, nan kad konferans sila a, deklare 29 mas 1987, pèp ayisyen te dakò pou manifeste volonte yo pou dote peyi a yon Konstitisyon tou nèf ki defini klè kouklèwòz leta responsab sekirite chak grenn sitwayènn e sitwayen ayisyen san distenksyon andan peyi a.

36 lane aprè, pòt kowalisyon an, Berthony Borgella ap poze mouche leta kesyon sa yo pou konnen kisa ki fèt nan zafè sekirite peyi a. Eske se pa avèk volonte otorite yo, yo trennen pèp ayisyen an nan ensekirite jeneralize, eske se pa avèk volonte yo, yo simaye zam bay bandi pou teworize popilasyon an, eske se konstitisyon an ki anpeche yo trake bandi yo.

Selon pòt vwa kowalisyon an, nan kad yon rapò ki soti nan mwa Janvye 2023 pase a, li souliye genyen 1448 mil moun ki mouri anba bal bandi epi 1145 lòt blese pandan ke lopital ap fèmen pòt yo. Bandi pran komisarya an otaj, 48 anlèvman anrejistre nan 48 èd tan, asasina, wo grade nan lapolis la moutre aklè bandi yo konfime pozisyon yo pou komèt zak kriminèl san pèson pa di yo anyen.

Pou tout rezon sa yo, pòt pawòl kowalisyon pou sove komin Tigwav la, Berthony Borgella ankouraje popilasyon an, fòse swadizan otorite yo asime responsabilite yo devan siyasyon ensekite tout kalite kap fini ak nasyon ayisyèn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.