Yon polisye jwen arestasyon li pou reselè ak zak malfektè ak gang “5 Segonn”

1,026

04-12-2023

Lapolis fouke, Anderson Destin, yon polisye reselè ki ta nan danse kole ak rezo malfektè, gang “5 Segonn” ke bandi kriminèl Johnson André alyas Izo ap dirije nan Village de Dieu.

Selon Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) atravè Biwo Zafè Kriminèl, lapolis entèpele Anderson Destin pou konivans ak konplisite li avèk group gang “5 Segonn” lan.

Selon otorite PNH yo, yo ta jwen polisye 26èm promosyon PNH la te toujou genyen bonjan kominikasyon avèk chèf gang Izo; mesaj ki pi resan yo ta date 18 mas ki sot pase la.

Comments are closed.