PNH demantle baz 400 mawozo e ligote 15 prezume bandi sangwen

381

Pòtoprens_____(TriboLAND) Polis nasyonal arive antre pou yon lòt fwa ankò nan baz group gang 400 Mawozo a jodi dimanch 27 desanm 2020 an nan Kwadèboukè.

Bandi sangwen ame sa yo ki tap opera nan plizye rejyon nan depatman lwès la ta pase move moman anba yon operasyon sanzatann PNH ki arive penetre baz malfra yo, daprè Garry Derosier chèf rapòtè polis nasyonal la.

Toujou selon sous polisyè yo, operasyon sa ki te vize mete a pla kouti rezo gang sa ki anlve vi yon krèy sitwayen ayisyen, okazyone pou pipiti 15 prezume bandi arive pran minòt e ajan yo arive demantle espas operasyonèl bandi yo e rekipere yon pakèt machin ke sangwen yo te vòlè.

Akote sa, fòs lòd yo ta sanble dekouvri kadav ki nan sèkèy tou. Yon siyn ki ta sanble ak sakrifis lèsen ke pwensipal chèf gang ame Lanmò 100 jou tap pratike.

Antretan, rumè pa sispan boujonnen sou chèf alatèt rezo a ki ta arive chape poul li.

Comments are closed.