Lapolis, jij depè ak isye, debake lakay fanmiy Medar nan komin Tigwav, krabinen yo ak kout fizi nan tèt ak kout

830

05 – 01 – 2024

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Sou lòd ansyen komisè gouvènman pakè jiridiksyonTigwav la, Mèt Genel Pierre, lapolis, jij depè ak isye, debake lakay fanmiy Medar, krabinen yo ak kout fizi nan tèt, kout baton yon fason pou mete deyò sou yon espas tè yo di, papa yo te abite depi plis pase 80 lane, nan yon lokalite ki pote non Meyè-O, nan 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, daprè sa fanmiy lan rapòte bay laprès jodi mèkredi 01 me 2024 la.

Fanmi Medar ki fè konnen, papa yo te genyen 80 lane ap viv sou anviwon 2 kawo edemi tè mete sou sa, yo menm ki se pitit papa yo, yo genyen 40 lane ap viv sou espas la, yo fè pitit ladan ni, yo pat janm wè yon moun vin reklame tè a, yo denonse Mèt Genel Pierre, pou aksyon malonèt sa a li poze sou yo ak tout ekip li yo, fanmiy lan ki kalifye yo kòm tòsyonè asasen, kriminèl, yo di, ki vle vòlè tè yo epi lage yo nan lari.

Toutfwa, fanmi Medar ki deklare, yo pral pote komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt PIERRE Elioth Paul plent kont Mèt Genel Pierre ak tout akolit yo, pou zak tantativ asasinay yo fè sou fanmiy lan, pandan yo reklame jistis ak reparasyon nan kad dosye sila a.

Comments are closed.