Lapolis poze lapat sou gro koure manm gang Kanaan nan jounen lendi 10 jiyè 2023 a

816

07-11-2023

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Li te vè 11:30 nan maten lendi 10 jiyè 2023 a, lapolis nasyonal efektye yon entèvansyon tranble janm nan Lilavwa 39, zòn Kwadèboukè. Nan moman entèvansyon an, yo arive poze lapat sou 3 gro koure manm gang sangwen ki mare sosis y oak group gang Kanaan.

Yon parèy kout file, pèmèt lapolis mare kon krab: Calixte Frantz (nèg Ansafolè), Geffrard Wilken (nèg Ansafolè) e Merge Joseph Ilares (neg Okay).

Twa sangwen yo te trouve yo nan machinn mak Suzuki Grand Vitara ane 2006, koulè sann avèk yon plak : BB-32146.

Comments are closed.