Gàd Kòt Etazini entèsepte yon batiman avèk 25 imigran nan zòn kotyè Florid

219

03/07/2021

Palm Beach_____(TRiboLAND) Otorite Coast Guard yo nan Florida entèseptan yon group 25 imigran ayisyen abò yon batiman ki te an detrès nan zòn nòdès kot Jupitè, nan eta Floride, daprè sa ki rapòte vandredi 5 màs 2021 nan yon jounal nan zòn Palm Beach nan Florid.

Enfòmasyon yo fè eta de yon batiman imigran kreyòl ki t’ap pran lanm lòske ekip sovtaj Estasyon Coast Guard yo ak Sant Operasyon Pwoteksyon Lanmè ak Espas Tèritoryàl nan Lake Worth te jwen yon apèl “pote sekou” pou yon batiman ki te an detrès a kèlke 30 kilomèt zòn kotyè a.

Ekip sovtaj yo te arive echape e achemine pou rapatryasyon nèf gason, nèf fanm, ak sèt tinosan. Yo estime ke  bato a te plen ragagan, men li pat andanje pou nwaye. ”Dieu mèsi ke tout moun sa yo anvi, e yo pa’t menm genyen ekipman sovtaj avèk yo”, daprè Chèf Antèt Ofisye Jason Reynolds nan yon remàk.

Comments are closed.