Fèt travay ak agrikilti premye me 2024 lan fè reviv tan lontan nan Grandans.

05 – 01 – 2024
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Mès aksyon gras, ekpozisyon pwodwi agrikol kou atizanal, anbyans mizikal, sansibilizasyon, sou kòman pwoteje anviwoman an, se prensipal aktivite ki te make premye me ane 2024 lan nan Jeremi.

Sòti 29 avril pou te rive premye me 2024 lan, majorite a, te nan yon anbyans ko te yo te santi lavi vle repwann nan sosyete grandanlèz lan. Malgre pa genyen lib sikilasyon lajan, nan mitan manm popilasyon an, men moun te kapab konstate yon ti aparans klima lapè, fè plantè ak kiltivatè yo nan Grandans reviv pwodiksyon lokal la nan tan lontan.






