Pou pi byen sèvi kominote jeremièn lan, legliz Katolik, pawas Sakrekè nan tèt kole ak sante piblik inogire yon sant sante.

954

04 -15 -2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Pou pi byen sèvi pèp Bon Dye a, nan kominote jeremyèn
lan, legliz Katolik, pawas Sakrekè nan tèt kole avèk ministè sante piblik, inogire yon sant sante ki genyen kapasite pou resevwa diferan patoloji.

Nan seremoni inogirasyon an, Evèk dyozèz Jeremi an, Gontran Decos te prezan e li te akonpanye kire pawas la ansanm ak fidèl Katolik ki te soti nan diferan lòt pawas yo.

Selon kire pawas la, Pè Pierre Jean Mariusnel ki tap pran lapawòl, te refere de sitwayen James Whadam kòm pwensipal donatè ki te bay lajan pou konstri building lan pou loje sant sante a, ke (MSPP) bay materyèl ki pou desèvi yon bati nan kominote jeremyèn lan ki reyèlman bezwen swen sante.

Comments are closed.