Premye Jen nan komin Bonbon, Fèt lanmè ak pwason

Bonbon, Ayiti_____(TRiboLAND) Komin Bonbon se yon komin kotyè, ki a 15 kilomèt vil Jeremi. Konsa, depi kèk tan, otorite kominal yo, pwan inityativ pou fete “Fèt Lanmè ak Pwason”, nan dat premye jen chak lane
Yon festivite ki atire plizyè milye touris lokal, non sèlman ki vinn benyen nan lanmè, men ki vinn egalman degiste pwason nan diferan resèt ak melanj plizyè engredyan.
Anplè “Fèt Lanmè ak Pwason” an, tanzantan apran ekstansyon chak ane; kidonk, leta a preske mobilize nan tout konpatiman li. Li mete dispoze tout resous li yo, swa nan nivo lapolis, Kwa Wouj, sante, e pwoteksyon sivil, jis pou akonpaye melomann tout plimay kap rann yo sou plaj Bonbon an pou al chante e danse “Tazann Bon Zanmi Mwen”.






