Lapli ki pa tonbe depi anviwon 8 mwa nan Grandans ki makònen ak zak sabotay, genyen gro konsekans dramatik sou anviwonman an.

1,659

03 -12- 2023

Komin Wozo, Ayiti____ (TRiboLAND) Rivyè nan komin Wozo se yonn pami kèk rivyè ki pwan nesans apati ekzistans Pik Makaya, yonn pami gro tèt mònn lontanlontan kite konsidere kòm espas ki genyen anpil gro pye bwa ak espès biyodivèsite ki pataje depatman Grandans ak Sid.

Fas ak fenomèn ewozyon ke Leta a kreye nan pa anpeche moun koupe pyebwa, jodia tout depatman riske disparèt nan mitan yon dram imanitè ki ta sanble pa lwen pou vini. Pou anpil moun, se yon konsekans ki genye pou wè egalman ak nèg ak fanm tèt pa dwat ki gen gro mago lajan, ale nan Pik Makaya e monte tèt peyizan yo, kote ke yo lage ti monnen nan men yo e fè yo koupe bwa nan forè a pou fè planch ak chabon pou vann yo. Ou ka konprann, sa se rezilta gro kamyon ki te toujou chaje ak bwa ak chabon kap antre nan repiblik Pòtoprens lan!

Mete sou sa pweske chak ane, peyizan yo ki pa genyen e manke bonjan konesans pou konen enpòtans Pik Makaya, pou nou pa di enpòtans pye bwa, souvan mete dife tou pwè espas ki ta dwe pwoteje yo lè yap fè jaden.

Vi panorama: Rivye komin Wozo deseche nan depatman Grandans peyi Dayiti.

Obsèvatè yo bay temwayaj yo nan mikro TRiboLAND, kote yo deklare klè kou klèwòz, rivyè Wozo menm ak anpil lòt ki tounen secherès oubyen ki tounen rigòl akoz pa genyen dlo ki koule ladan yo anko, se konsekans inyorans ak mechanste nèg lakay ki pat janm genyen nan tèt yon peyi ki rele yo chè mèt, chè mètrès.

Nan sans sa a, si li pa gentan trò ta, kèk moun ankouraje yon kanpay rebwazman pou Pik Makaya ak atravè peyi a, yon fason pou sansibilize tout enstans ou tout kouch sosyàl ki riske disparèt fas ak yon parèy dram ekolojik. Menm la, se sou rezèv; lè ou konprann ki sa ki DINEPA, Ministè Anviwonman ak Ministè Agwikilti nan dènye deseni sa yo!

Comments are closed.