Dezyèm edisyon sware onorifik pou jounalis Gran Sid yo nan Okay.

1,063

06-12-2023

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou nou pa tann se lè yo mouri pou nou onore yo, Staff GAFEKA, ki se yon estrikti ki regwoupe ansanm oganizasyon nan sosyete sivil Okay, tankou atelye tisè, fewdys, espas fanm Sid, kadonati elatrye, realize dezyèm edisyon pou onore anviwon yon 40 tènn jounalis nan diferan disiplin. Jounalis say o te sòti nan 4 depatman jewografik peyi a tankou: Sidès, Nip, Grandans ak Okay.

Pami jounalis sa yo ki genyen yon dimansyon pwofesyonèlkite, resevwa plak onè ak merit, nou kapab site Franckel Maginaire, ki se yon pitit Jeremi e kap byen depoze depi yon bon bout tan nan domèn jounalistik la. Maginaire, se korespondan Radio Télé Caraibes nan Grandans. Franckel Maginaire, pitit Grandans, onore pami divès lòt jounalis ki devlope bonjan kolaborasyon ak Laprès Nasyonal.

Diferan enstitisyon medyatik kite reponn prezan nan seremoni an nan vil Okay Dimanche 11 jwen 2023 a, bat bravo lakontantman pou inityativ lan e swete lòt sektè nan sosyete ayisyèn lan valorize ak wôl bon medya ak jounalis profesyonèl yo jwe nan konstriksyon demokrasi a.

Comments are closed.