Lapli pa tonbe depi plis pase plizyè mwa: Grandans an malmakak e defigire anba gro secherès

1,026

02- 08- 2023

Grandans, Ayiti___(TRiboLAND) Depi kèk mwa, lapli vinn yon bagay moun pa wè ni lajounen kou lannwit; se yon veritab dràm pou peyizan kap travay latè yo, ni sila yo kap fè elvaj zannimo.


Diferan kouch sosyal TRiboLAND rankontre nan milyé riral yo, tankou nan banlye yo, nan 14 komin depatman Grandans lan, temwanye non selman zannimo yo pa jwenn ase zèb pou yo manje, men yap mouri an gran kantite.


Secherès lan ak lapli ki pa tonbe a, genyen gro konsekans sous aprovisyonnman dlo, rekòt peyizan yo pedi, pwa, mayi, bannan, pistach, patate dous, tout pèdi pou ane 2022 ak komansman ane 2023 a. Moun yo ale pi lwen pou fè konen, rivyè yo preske tounen rigòl akoz pa genyen lapli.

Fas ak fenomèn lapli pa tonbe sila, Grandans ap pran gro sakad anba secherès jeneralize. Fas ak yon parèy degradasyon, popilasyon an ap tann genyen desizyon nan pi wo nivo enstans konsène yo pou fè pwevansyon kont chanjman klimatik.

Comments are closed.