Pòdpè : “CIM Coin des Vedettes”, yon lòt edisyon pou kontinye etale talan etidyan yo nan Collège Immaculée Marie

05 – 01 – 2024
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Youn pami pi gwo asèt Collège Immaculée Marie pou idantifye yon seri konpetans dabilite nan mitan edidyan li, se etale ou dekachte yon seri talan kache lakay edidyan yo chak ane. Yon parèy estrateji antre nan tradisyon CIM chak ane pou jenere depi 1998 yon repètwa talan anndan enstitisyon akademik lan nan vil Pòdpè.

Dapwè Mèt Ronel Gélin, ki se Direktè alatèt CIM, yon parèy sòlòkòtò sosyo-kiltirèl ou tradisyonèl, antre nan gad pou idantifye konpetans abilite lakay aprenan yo chak ane. Se yon triyaj ki karakterize idantifikasyon valè kap boujonnen nan lekòl la, e ofri yo opòtinite pou ekspoze yon seri konpetans kache ke yo genyen lakay yo atravè yon jounen espesyàl ki rele “CIM Coin des Vedettes” chak ane nan lè sila.
Konsa, jounen madi 30 avril 2024 la, nan Pak Immaculée de Marie nan vil Pòdpè, se te rololoy! Yon jounen pwodiktiv nan nivo etalaj konpetans nan Enstitisyon CIM nan se te, yon lòt fwa ankò yon siksè titanik. Se te yon veritab mega sòlòkòtò sosyo-kiltirèl pèfòmans (dans, poezi, chanson…) ki te mete an vedèt tout kalite kouch etidyan ki boure ak talan nan mitan fanmiy CIM, yon lekòl ki pa sispann enpoze tradisyon nan nivo konpetans ak reyisit akademik garanti.

Aprè yon parèy pwogram, tradisyon CIM nan ap genyen pou li kontinye jiska 18 me, yon lòt mega pwogram tradisyonèl, “18 Me Live”, yon evennman sosyo-kiltirèl ki sible tout jènn ti moun atravè depatman Nòdwès la chak 18 me, dat ki make fèt bikolò a. Tout sa, antre nan yon demach ankadreman jènn yo atravè depatman Nòdwès la, yon misyon iminant, yon eritaj sakre ke CIM enpoze nan pwosesis aprantisaj la.






