Bomon ensekirite : Krim san nan lokalite Gran-Bwa

12 – 28 – 2024
Bomon, Ayiti______(TRiboLAND) François Lyliomme, ki genyen 39 lane e yon natif natal premye seksyon kominal Bomon, lokalite Gran- Bwa, resevwa plizyè kout manchèt e mouri anba men yon prizime kriminèl ki pote non Dieufèl ensi koni.
Krim sa a rive fèt aprè viktim lan, François Lyliomme te finn fè yon manda lajistis pou te arete prezime kriminèl la; konsa, aprè aksyon sila, li kraze rak e mete van nan wel li.
Nap raple komin Bomon pa genyen prezans lapolis depi plis pase 5 lane, aprè yon gwoup moun te finn mete dife nan kay prive yon sitwayen Leta ayisyen te afème pou te loje enstitisyon an.







Noodlemagazine For the reason that the admin of this site is working, no uncertainty very quickly it will be renowned, due to its quality contents.