Prezidan Asosiasyon Kazèk yo nan Grandans, Luc Raymoà Simon fè bilan dènye move tan yo ki te sakaje depatman an.

12 – 11 – 2024
Grandans, Ayiti_____(TRIBOLAND) Aprè gro lapli ki dekonstonbwe depatman Grandans pandan yon dizènd jou; prezidan Asosyasyon Kazèk Grandans lan, Luc Raymoa Simon fè bilan malmakak evenman yo. Selon alatèt kazèk yo, genyen yon total 4 moun ki mouri, pami yo 3 elèv lekòl ak yon granmoun fanm.
Prezidan Asosiasyon Kazèk yo pou depatman Grandans lan, Luc Raymond Simon, ki tap pran lapawòl nan non kazèk yo ki reprezante 47 seksyon kominal depatman Grandans lan, poze pwoblèm dega materyèl yo, ak moun ki mouri. Konsa, li mande pouvwa santwal la pote repons bay viktim yo kap fè fas ak gro lakilbit.
Toujou daprè prezidan AKGA a, sikilasyon pwèske totalman enposib nan rejyon an; deboulonnay tèpreske nan seksyon kominal yo, nan Grandans, akoz deboulonnay tè ak debònman rivyè yo, se pwensipal koz ki rann yon latriye seksyon kominal dekonekte ak lòt.
Dega yo pa piti e Grandans yon lòt fwà ankò trouve li nan gro difikilte ak yon problèm anviwonmantal ki pa bouke bay men nan machwè.






