“SHANN Akademi Dans” swete tout dansè ranmase eskanp figi yo, nan okazyon jounen entènasyonal Dans lan

813


04 – 29 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Chwazi nan lane 1982 anba lobedyans yon “Komite Dans Entènasyonal” (CDI) ak UNESCO, chak 29 avril chak ane se Jounen Entènasyonal Dans. Dat anivèsè selèb Choyegraf fransè Jean-Georges Noverre ki te pote anpil nouvote nan zafè dans.

Nan okazyon jounen entènasyonal Dans lan, Shelldina Petit-Frère ki se PDG “SHANN Akademi Dans” yon lekòl Dans ki trouve-l nan vil Pòdpè, swete chak dansè kap evolye nan domèn balanse yayad bon kouraj. Li kontinye pou mande dansè yo pou bay valè ak sa yap fè a nènpòt kote yo pase, ak fyète pou di yo se dansè.

Yon dansè dwe saj, li pa dwe awogan, li dwe gen respè pou tèt li ak moun ki nan antouraj li. Yon dansè dwe gen lanmou, pasyon pou Dans lan ak bay tan. Nan gran jou sa, Madam lan mande tout dansè kontribye nan chanje imaj Dans lan. Travay pou dans lan evolye nan milye kote yo ye a, ak montre sa yo ye tout kote yo pase.

Finalman li mande tout group Dans kap evolye, kiltive lanmou nan tèt ansanm pou bay dans lan jarèt san ipokrizi yon fason pou bay sektè a yon lòt dimansyon pandan li swete tout dansè bon Jounen Entènasyonal Dans.



Comments are closed.