Chèf gang sangwen “Ti Gabriel” dezòmè ap kontwole komisarya Site Solèy la

510

06/13/2021

Site Solèy, Pòtopwens _____(TRiboLAND) Pandan plizyè gwoup gang sangwen ap batay pou elaji tèritwà yo atravè konfwontasyon ak gwo zàm fann fwa. Se nan kontèks sa,  gwo chèf gang notwà Brooklyn nan, Gabriel Jean-Pierre alyas “Ti Gabriel”, arive genyen kontwòl total komisarya Site Solèy la.

Kontwòl yon parèy pòs polis arive materialize apwè yon seri gwo zak vyolans ki te fasilite gwoup gang ame yo atake e menm dezame plis pase yon demi douzèn pòs polis atravè kapital la. Konsa, Ti Gabriel ki se yon gang sangwen anjandre kontinye vle pwoteje estratejikman tèritwà li fas ak rival li yo, poze lapat sou ansyen baz UDMO a ki abandone.

Elas! Se pa pwemye fwa peyi a ap viv yon parèy ak tèworis ak desepsyon! Sepandan, fwa sa gang yo atake yon latriye komisarya avèk sou-komisarya e menm touye plisyè polisye. Kidonk, pèsòn moun pa bezwen genyen dout ke pwochen etap la se akapare Palè Nasyonal ak ti miyèt enstitisyon leta ki rete yo e answit pase lod kòman pou moun peye yo tax nan peyi a!

Konsa, sanble se yon gwo epizòd istorik ki anonse lafen ou efondreman Leta ayisyen, PNH, ak tout yon seri swadizan dirijan repinyan anndan peyi a ki fè tèt yo pase kòm chèf. Antouka, se pwal pwemye “Repiblik Gang” ki pwal enpoze li devan fas limanite.

Li evidan ke tout moun pwan yon sant! Li evidan egalman ke jou tout fo otorite yo ap konte! Se nan yon kontèks parèy, Dirèktè jeneral polis la, Léon Charles ki pa sispan banalize wòl li ak echèk ak enkonpetans, ap kriye nan pye popilasyon an pou li pran desten l anmen; e se menm Léon Charles sa ki te toujou ap felisite polisye ki volontèman antre ak machin yo sou moun kap manifeste e menm touye yo san oken fòm pwosè.

Comments are closed.