Endividi yo pa rive idantifye koupe tèt Claude Macon ak madam li Venise Pierre nan premyè seksyon kominal Gran Gwav, lokalite Bwa Nwèl

756

04 – 29 – 2024

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Moun yo pa rive idantifye koupe tèt Claude Macon alias Tipapi ak tout madam ni Venise Pierre, nan lannwit dimanch 28 pou louvri lendi maten 29 avril 2024 la, nan lokalite Bwa Nwèl, premyè seksyon Kominal Gran Gwav, daprè ASEK Lener Justin alias Tinènè ki konfime enfòmasyon an. Kidonk, se jij depè komin nan, Vogly Louis ki te pwosede ak konsta legal 2 kadav yo.

ASEK Lener Justin alias Tinènè ki te sou plas nan kad konsta yo, fè konnen, yo rapòte li avan yo komèt aksyon an, te genyen gwo lapli katouch ki tap tire nan zòn nan, jounalis ki tap poze ASEK la kesyon pou konnen eske Claude Macon alis tipapi se yon sitwayen pèzib nan kominote a, li fè konnen Theriel Telus abitye denonse non Claude Maçon kòm moun ki nan rezo gang.

Kòdonatè ASEK premyè seksyon Gran Gwav la, Lener Justin, lanse apèl bay popilasyon an, pou pa kache bandi yo, chak fwa yo wè yon enkoni, yo dwe denonse li bay lapolis ak lajistis.

Comments are closed.