Me ki sa TRiboLAND.com konnen sou pwojè bibliyotèk minisipal nouvo katèl Pòdpe a ap reyalize a

150
0
Share:
TRiboLAND

– Bibliyotèk minisipal la ap pote non Shervens Joseph, yon jèn entè lèktyèl fouge ki te toujou ap karese lide ak demach pou dote vil lakay
li, Pòdpe yon bibliyotèk.; malerezman li te arive mouri nan mitan demach yo. Konsa, pwojè a, se tout yon vizyon ou yon rèv pitit Pòdpe!

– Espa, kote bibliyotèk la pral enstale a, rele Lameri chèmèt, chèmètrès. Li genyen yon teras anlè, ki te yon espas plezi gaye. Anpil moun
estime avan sa, se te yon espas bwiganday, kote responsab yo te fasilite lwe li pou pwogram tisourit, debòch ki te genyen anpil
konotasyon imoral pou eradike lajenès. Kèk lòt moun estime, se te yon demi night club ki tap pwomote enpidisite ak imoralite.

– Pwojè bibliyotèk minisipal la genyen pou wè avèk pwopozisyon majistra Jamesky Jeanty; li te jwenn benediksyon rès manm katèl la ki te
twouve, retonbe yon parèy inisyativ ap pote anpil rezilta nan kad pwomosyon lèkti ak ranfòsman akademik nan sektè edikasyon an.

– Demare reparasyon espas ki pou loje bibliyotèk la, se yon veritab kastèt chinwa. Nouvo katèl jwen yon meri ki pat menm egziste. Li te la
sèlman sou “non”.

– Sevre, se pwojè komisyon Minisipal la men, l ap rete pou kominote a aprè komisyon Minisipal aktyèl la pa la ankò.

– Malgre dèt yo vinn jwen, anpil efò arrive fèt, swa nan kad kredi bò kote komèsan ki sousye pou vil Pòdpe, Lameri asèpte demare ak travay
yo. Sepandan, sa pa rete la!

– Daprè teknisyen yo kap travay chak jou ki jou, genyen ¾ nan travay yo ki fini; sepandan bezwen yo anpil, alòske yon kanpe nan mitan wout.

– Fas ak yon parèy blokaj sistematik, Lameri Pòdpe ap mande konkou tout sa ki kapab, lokal ou entènasyonal, pou pote ranfò nan yon konbit
pou BMSJ, kap yon zèv natif natal, pitit Kapwà.

– Me ki sa ki fè travay yo kanpe nan wout : 30 sak sima, 8 bokit penti (4 blan, 2 jon, 1 wouj ak 1 ble), 1 kamyon sab, 5 bòl twalèt, 2
lavabo, ak 120 mèt kare seramik.

– Antouka, tout moun ki swete wè eskanp figi vil Pòdpe chanje, jwèt pou nou. Tankou jan sa ye nan plizyè lòt depatman, pran desten nou an
men. Yon parèy defi, se nad marinad! Nou kapab leve li ak yon sèl kout kle. Se mèt chyen ki kenbe tèt chyen!

– Me numewo pou tout kontribisyon : Natcash : 509-4102-5396 Jamesky Jeanty (Majistra); 509-3736-1103 Jacques Alain Pierre Michaud (Direktè
Administratif meri a).

– Foto resi tout tranzaksyon dwe soumèt sou menm nimewo ou fè depo a.

– NB: nan sousi pou pwomote transparans, chak semèn n ap bay rapò sou kontribisyon chak moun.

Share:

Leave a reply