Travay konstriksyon pou amelyore twonson wout zòn ri Kapwa nan vil Pòdpè ap vanse.

829

03 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè jou direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès tanmen travay pou amelyore sityasyon wout ri Kapwa ki, depi yon bout tan ap patoje nan labou ak dlo k ap degaje move lodè.

Yon sityasyon difisil ki te rann zòn ri Kapwa a enpwatikab e menm lakòz motosiklèt tonbe nan twou dlo ak pasaje yo. Fatra tout plim tout pliyay, san konte labou ak vye dlo k ap degaje move lodè, se vizaj ekspresyon yon ri Kapwa k ap dekonponze anba zye swadizan yon latriye zotobre kap touche lajan kontribyab san laront.

Malgre korespondan TRiboLAND yo pa gen okenn ide sou kantite lajan ki dekese pou reyalizasyon amelyorasyon wout sila, sa pa anpeche nou swiv avansman travay yo k ap eseye mache ak gran pa.

Comments are closed.