Pòdpè: Pawas Sen Monfò selebre fèt patwonal li jodi lendi 29 avril 2024 la

729


04 – 29 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Pawas Sen Monfò ki trouve nan vil Pòdpè, selebre fèt Sen patwon li “Saint Louis Marie Grignon de Montfort” jounen lendi 29 avril 2024 la. Kòm abitid, responsab legliz sila ak fidèl yo toujou bay randevou chak 28 pou fèt la; konsa, mès la chante ane sila 29 avril, akoz li te tonbe 28 avril ki se yon dimanch

Anviwon 30 pè ki te soti nan divès Pawas pou vinn fete ak fidèl Monfò yo; se Reveran Pè Indwy Bissainte ki te selebran prinsipal la epi animasyon mès la te asire anba direksyon koral pawasyal Legliz la. Monfò ki te mete li tankou pòv, pou te sèvi sila yo ki pòv ap toujou rete yon modèl pou tout moun ki vle al jwenn Granmèt la.

Peyia ap konnen anpil moman difisil, moman detrès yo pa la pou lontan sèlman nou bezwen fokis sou sa ki bon daprè selebran an. Pawas Monfò ap dirije anba direktiv Reveran Pè Bénédicte Lazard, malgre entanperi ki te koz lapli pandan tout weekend lan, sa pa enpeche divès peleren soti nan divès lòt zòn vinn fete ak fidèl Monfò yo.

Sou plan sosyo kiltirèl, komite Lokal Pilotaj Monfò a bay tout moun randevou sou Plas Sen Monfò pou aktivite sosyo kiltirèl kap genyen nan okazyon fèt la. SHADD Akademi Dans, Lesansyèl Troubadou ak divès lòt group pral pèfòme. Gras ak sipò Me Schmitt Corneille anpil moun konnen sou non Rambo, plizyè timoun ap resevwa jwèt. ‎

Comments are closed.