Karyès: 21 mò ak yon latriye lòt blese nan yon aksidan sikilasyon (aktiyalize)

593

04/29/2021

Pòtpwens______(TRiboLAND) Jezi! Ki lè ayisyen ap fin kriye! Apa gwoup gang kap kidnape ak touye moun anba bal; pwoblèm aksidan machin se yon lòt koz ki okazyone plis sitwayen mouri atravè peyi a.

Konsa, otorite sikilasyon yo anrejistre mèkredi 28 avwil la: 21 moun ki mouri ak yon latriye lòt ki blese gravman grav nan yon kolizyon machin nan zòn Karyès a kèlke kilomèt kapital la, Pòtopwens.

Yon bus ki t’ap fè trajè Pòtopwens – Kap Ayisyen fè kolizyon ak yon ti bus “pap padap” sou wout Nasyonal numewo 1, tou prè Karyès. Yon dràm ki klotire jounen mèkredi 28 avwil la ak plis dlo nan je!

Comments are closed.