Pòdpè an dèy, Mèri a rann omaj ak Jean Restil Otandieu, “Ti Frè”

04/04/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisyon Minisipal Pòdpè a anonse ak anpil tristès lanmò mesye Jean Restil Otandieu, anpil moun te konnen sou non “Ti Frè”, yon kad enpòtan nan administrasyon komin nan. Dapre nòt ofisyèl ou senpatik ki soti jodi samdi 4 avril 2026 la, defen an te sèvi Mèri Pòdpè a pandan dizuit (18) lane, kote li te pote yon gwo kontribisyon nan lavi administratif komin nan.
Daprè dokiman an, lanmò sa a rive nan sikonstans non sèlman tris, men egalman moute yon nouvo katèl nan tèt Meri. Otorite minisipal yo fè konnen, disparisyon mesye Otandieu reprezante yon gwo pèt non sèlman pou Mèri a, men tou pou tout kominote Pòdpè a. Yo salye memwa yon sèvitè Leta ki te konsakre plizyè ane nan sèvis piblik ak devlopman komin nan.
Nan moman doulè sa a, Komisyon Minisipal la voye kondoleyans ki pi sensè li bay fanmi an, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT), ansanm ak tout popilasyon Pòdpè a. Mèri a mande tou pou tout limyè fèt sou sikonstans ki antoure lanmò sa a, pandan li renouvle angajman li pou respè diyite ak lavi moun.
Nap raple, zenyè ak renmen wè, pa sispann espekile sou yon latriye nyaj sispèk ki ta antoure lanmò kontab la nan vil Pòdpe; li te fè plis pase 10 lane ak administrasyon ansyen majistra Josué Alusma a.






