Pa genyen chase gang nan vil Pòdpè san ankete sou yon “gwo bwa” kap fòme gang nan komin nan

969

10-28-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan vil Pòdpè pa kapab ap kouri dèyè gang san li pa ankete sou yon gwo bwa toupisan nan komin nan ki ta sanble pran yon malen plezi ap fòme gang.

Selon yon sou ke moun kapab fè konfyans, TRiboLAND genyen evidans ke sitwayen ki pote non Althery Etienne, ki manm Pati Pitit Desalinn e ki egalman yon gwo potanta kap miltipliye richès atravè depatman an, enplike ra gagann nan aktivite gang.

Selon kèk sous, Althery Etienne fòme yon seri selil gang nan vil Pòdpè pou mache vòlè tè yon latriye peyizan de bwa balanse. Malerèz ak malere ki genyen plis pase 30 lane ap viv sou teren achte, twouve yo aba gwo pèsekisyon bò kote bandi sangwen kap reyalize travay sal pou evantyèl kandida Pati Pitit Desalinn nan.

Sous kredib yo, adrese gwo pwoblèm katchouboumbe nan plizyè rejyon nan zòn Kawodati, kote ke elèv Althery Etienne yo ap fè egzasyon e menm arive mete dife nan jaden ak kay peyizan yo. Antouka divès abitan, mande lapolis pou limen pwojektè yon parèy kriminèl ki antre nan yon lojik malfektè nan fòme gang ak akapare tè ou byen malere ak konplisite yon fwaksyon nan jistis Pòdpè a.

Nap raple, anpil gwo bacha nan vil Pòdpè fè richès nan poze lapat sou tè malere atravè yon seri eskokri pou akapare tè ou byen lòt malere.

Comments are closed.