Sekretè Jeneral Vizyon ayisyèn dwa moun nan Tigwav,prezante yon tablo sonb sou sitiyasyon dwa mou an Ayiti nan okazyon 74 lane selebrasyon deklarasyon inivèsèl dwa moun.

1,147

12-14-2022

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan entèvyou ak laprès jounen  madi 13 desanm 2022 a, Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan, nan Tigwav (VHDDH) Mèt Jules Romilus prezante yon tablo bouch pa gou sou sitiyasyon dwa moun anndan peyi Dayiti nan okazyon selebrasyon 74 lane deklarasyon dwa moun.

Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan, Mèt Jules Romilus pa mete dlo nan bouch li pou’l kritike leta ayisyen, li di ki pa fè okenn jefò pou fè respekte dwa moun anndan peyi a.

Militan (VHDH) raple dwa fondamental pèp ayisyen an ki pa respekte tankou: dwa pou moun manje, dwa sou edikasyon, dwa sou lojman, dwa ak lasante, dwa ak sekirite e latriye…

Defansè dwa moun nan, fè konnen otorite yo pa sispann pase anba pye dwa sitwayèn, sitwayen yo; pa genyen leta pou fè respekte dwa popilasyon an, pandan’l deklare atravè deklarasyon inivèsèl dwa moun, genyen anviwon 30 atik ki dwe aplike nan tout 5 kontinan an, Ayiti pa mèm respekte e aplike mèm 1/4 nan atik sa yo.

Toutfwa, Sekretè jeneral la nan Tigwav, lanse yon kri pote sekou bay leta ayisyen pou’l gade tèt li nan glas e devlope tikal konsyans de eta sitiyasyon popilasyon ayisyèn nan kap finn deperi sou tout fòm nan okazyon selebrasyon 74 lane selebrasyon deklarasyon dwa moun nan peyi Dayiti.

JOICY Arnold

Comments are closed.