Yon group anseyan mache pòs yo nan Institut Classique Toussaint Louverture nan vil Pòdpè pou move tretman

05 – 17 – 2024
Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Atravè yon korespondans, anviwon yon kenzèn anseyan ki kap anseye nan “Institut Classique Toussaint Louverture” ki trouve-l nan vil Pòdpè, kap dirije anba lobedyans Mèt Rock Clavaroche, enfòme Diresyon lekòl apati 30 jen 2024 la, li pa bezwen konte sou yo kòm anseyan nan enstitisyon an. Kidonk, fè priyè pa nonmen non yo!
Anseyan sa yo ki te fòme yon blòk pou revandike lajan mwa fevriye pase a, aprè Direksyon an pat deside peye mwa an rezon twòp jou konje finalman deside mete fen nan kolaborasyon yo ak lekòl la. Nan korespondans lan, anseyan yo di klè yo kite lekòl la pou mank respè ak lòt rezon yo pa rive site.

Nan yon entèvansyon youn nan sinyatè korespondans lan fè nan jounen entènasyonal anseyan yo, li di : metye a te ka bèl si pat gen yon sistèm kapitalis sovaj, ken anpil kote lajan elèv yo ap peye a, konn pi enpòtan ke savwa pwofesè yo ap transmèt la. Li fini pa swete tout kòlèg anseyan sa yo bon konba, paske nan sitiyasyon yap viv la pa ka gen fèt.






