Chanjman Konstitisyon 1987: deba ak reyaksyon kèk pwofesyonèl Dwa nan Nòdwès

275
Me Jean Fresnel

Pòdpè____(TRiboLAND) Demach chèf Leta a, Msye Jovenel Moïse ak tout ekip li a ap antreprann pou l dote peyi Desalenn nan yon nouvèl Konstitisyon, soulve anpil deba ak reyaksyon sitou onivo pwofesyonèl nan dwa nan Nòdwès yo, notàmman nan vil Pòdpè.

Pou ansyen Batonye Lòd Avoka yo nan Pòdpè, Me Jean Fresnel, bay peyi sa a yon nouvèl Konstitisyon, se yon bonjan lide lè n konsidere volim erè Manman Lwa 1987 sa a genyen anndan l. Batonye a rabat pou di tout demach sa a pap abouti ak anyen akoz popilasyon ayisyènn an pa fè Jovenel Moïse ak tout akolit li yo konfyans . Mete sou sa, absans Palman Ayisyen an, lakoz tout demach lokatè Palè Nasyonal la pap fè wonn dè pòt. Dayè, Jovenel Moïse ap chache kontiye blofe nasyon ayisyènn nan pwiske l konnen trè byen Chanjman Konstitisyon Ayisyènn an pa relve de konpetans li.

Kanta ansyen sibtiti komisè Gouvènman Pòdpè a, Me Kerly Dubréus, ki ale nan menm sans ak ansyen Batonye a, kontinye eksplike, peyi dayiti pa gen pwoblèm chanjman konstitisyon men se pito otorite nou yo ki pa gen kras konpetans ak lidèchip pou fè l aplike e se youn nan rezon ki lakoz tout enstitisyon nou yo fenn disparèt.

Ansyen sibtiti komisè gouvènman an, Me Kerly Dubréus, pa mete dlo nan bouch li pou di “Prezidan Jovenel Moïse pa konn sa yo rele Chanjman Konstitisyon yon peyi paske si l te konnen siyifikasyon an, se pa li ki tap lanse deba sa a pwiske se sou menm Konstitisyon sa a li te prete sèman.

Pwofesyonèl dwa sa yo fini pou di peyi Desalenn nan bezwen tout bon vre yon nouvèl Konstitisyon ki pou ranplase pwemye a ki te chaje ak anpil iregilarite, men se yon pwosesis kap pi long ke sòm 119.

SAINT Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.