Ane akademik 2025-2026 lanse nan Nòdwès

281
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès, ki gen nan tèt li pwofesè François Lovoiyant, lanse ofisyèlman ane akademik 2025-2026 lan atravè yon seremoni ki dewoule nan lokal Lise Tertullien Guilbaud.

Pou ane sa, tèm ki retni se : “Restore otorite lekòl”, yon chwa ki soulve anpil refleksyon nan mitan aktè sektè a sou kapasite Leta pou rive aplike-l nan kondisyon aktyèl peyi a.

Nan aktivite a, responsab edikasyon yo fè konnen 23 etablisman resevwa pèmi pou fonksyone nan depatman an, pandan yo pwofite onore kat (4) anseyan ki fè gwo efò nan sistèm nan.

Menm si lansman an fèt nan yon anbyans ki gen ladann gwo patisipasyon direktè lekòl, anseyan ak lòt reprezantan enstitisyon, plizyè moun pa kache enkyetid yo sou avni ane akademik la. Anpil anseyan pwofite okazyon an pou lanse mesaj dirèk ak piman bouk bay otorite yo. Yo fè sonje revandikasyon yo toujou rete san repons : aryere salè, kat debi, ajisteman salè, ansanm ak nome pwofesè k ap travay depi plizyè ane san okenn garanti.

Kesyon ki sou bouch anpil moun se : “Èske nan sitiyasyon peyi a jodi a, otorite lekòl ka rive restore vre?”

Share:

Leave a reply