Tigwav : Bagay yo mele pou moun nan 10èm seksyon apwè dènye move tan yo ki pote ale tout sa yo te posede

134
0
Share:
TRiboLAND

10 – 29 -2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Abitan k’ap viv nan 10èm seksyon Dèpal kominal Tigwav, lokalite Nan Kannòt, plenyen anpil nan mikwo TRiboLAND media network, jodi jedi 29 oktòb 2026 lan, sou kantite dega aktivite dlo desann nan dènye gwo van lapli ki sekwe sou seksyon an. Abitan yo plenyen e bay lavalas dlo responsab de tout ti sa yo te posede tankou: jaden ak yon katafal tèt zannimo ki mouri nan nivo seksyon, espesyalman nan lokalite Kannòt.

Peyizan yo ki presize ke gadinay bèt yo te reprezante kanè bank yo, se li ki te tout fèt e defèt fas ak bezwen yo, patikilyèman voye ti nosan yo lekòl e pran swen fanmiy yo. Kidonk, jounen jodi a, yo lage de bwa balanse; pandan yap klewonnen gwo rèl pote sekou bay gouvènman lokal e santral, ak ansanm kandida politik yo, pou vire je gade yo, ki daprè sa yo esplike, se tout seksyon kominal yo ki frape anba movetan sila a.

Antouka, ti peyizan yo ki kontinye ap plenyen pou asistans sosyàl, menase e menm pare yon po kann ak tout fwomi pou yon seri kandida krizokal ki deja ap chofe jarèt pou al piye sakèt Leta.

Share:

Leave a reply