Gwo lapli kap sakaje depatman Nòdwès la lakoz pon Ti Rivyè nan komin Senlwidinò andomaje

854


04 – 27 – 2024

Senlwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe depi plizyè jou sou depatman Nòdwès la, patikilyèman nan komin Senlwidinò, lakoz pon Ti Rivyè a andomaje .

Fòn raple w se yon ti pon MINUSTAH yo te finanse nan ane pase yo, pou pyeton ak motosiklèt te kapab travèse vil la kite toujou separe ak rès komin nan pandan peryòd plivyèz yo. Vrè pon an anchantye ansanm ak pon Rivyèba a, kote konpayi Adrien fouye yon gwo twou jis koulya, menm yon poto pa arive plante.

Si pa gen bonjan mezi ki pran, popilasyon an pral tounen nan menm pwoblèm anba pa monte, anwo pa desann nan. Popilasyon sa ki pap dòmi, mande konpayi Adrien sispann kraze pwojè komin nan!

Comments are closed.