Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit samdi 02 pou louvri dimanch 03 mas la, lakoz Rivyè Ladig monte pon an epi inonde plizyè kay nan popilasyon an.

640

03 – 03 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit samdi 02 pou louvri maten dimanch 03 mas 2024 la, lakoz Rivyè Ladig moute pon an epi inonde plizyè kay nan popilasyon an.

Abitan yo ki move tankou kong, ki santi lavi yo menase atravè rivyè ladig nan zònn nan, lanse yon vibran apèl bay pouvwa a, nan nivo katèl ajan egzekite enterimè meri Tigwav la ak pouvwa santral pou voye materyèl pou kire pon an prese-prese.

An atandan genyen yon gwo pwojè ki egzekite an amon e annaval kap genyen: kontou kanal, sèy, misèk ak rebwazman elatriye….yon fason pou evite gwo malè pandye sa a, ki se Rivyè Ladig ki plane sou tèt popilasyon tigwavyèn nan.

Nap raple, pon rivyè Ladig la, desèvi 3 depatman, Nip, Gransid, Grandans ak yon bòn pati nan depatman Lwès peyi a.

Comments are closed.