Nòdwès Enjistis : Josué Alusma ap rache, likide, sezi, vann, separe ou achte pwopwiyete abitan ak leta nan plizyè seksyon kominal

2,289

08/28/2021

Boden, Pòdpè_____(TRiboLAND) Plizyè popilasyon nan diferan seksyon kominal pa sispan mete 2 men nan tèt pou kantite peripesi ke yo ap pase anba men Josué Alusma, majistra komin Pòdpè a kap teworize e rache separe tè divès sitwàyen patikilyèman nan seksyon kominal Boden ak divès lòt.

Plizyè peyizan pa sispan denonse atravè TRiboLAND zak abitrè ou bandi sangwen swadizan majistra Josué Alusma, ki jwen konplisite ou konfyolo plizyè otorite sivil ak polisyè nan depatman an pou kreye rejyon laterè ak anachik pandan ke yo antann yo pou fè dap piyanp ak gagotay ak tè leta ou tè abitan yo; kraze rezidans malere sou pwetèks yo bati sou tè leta.

Josué Alusma, ke anpil moun konsidere kòm yon pwezume koupab ki ta deja genyen non li enplike nan yon latriye krim ou fiziyàd e ki genyen akwentans ak yon bòkò kriminèl notwà, Antoine Vassor alyas “Tayi” ke selon yon sous kredib, responsab jidisyè yo nan vil Pòdpè ta ankouraje l sove apwè li fin touye anba bàl Jean Marcel sou yon teren eritye.

Malvèsasyon ak krim finansyè ou krim sanginè pa sispan konekte ak non Josué Alusma ki ta sanble devye vijilans yon latriye otorite nan komin Pòdpè ki kite yon parèy vwayou enpostè ap demere an mètrès e menm miltipliye zak abitrè sou malere pandan ke li foure nan pòch li lajistis ak lapolis kap kache fèy kouvwi sa.

Josué Alusma pwofite feblès leta a pou fè tèt li pase kòm “Apwe Dye”. Li enfliyanse yon pakèt notab, entèlèktyèl, polisye, avoka, konmisè gouvènman, pwofesè, notè, bandi chimè restavèk lè li deside separe ou likide tè ou  pwopwiyetè leta ba yo. Alòske fòtin ke Josué Alusma ap anmase sou non leta a, pa janm deklare ou supèvize ni ou pa wè ki sa ki regle avèk yo nan yon vil ki se inik nan salte, fatra e san pidè. Se yon veritab biznis lè ou se majistra nan yon komin; yon biznis ki envòlv yon pakèt lòt antite ki kòwonpi nan menm nivo ak ajan enterimè yo kap fè gagotay, siwotay e kwoutay ak byen leta.

Nan yon entèvyou li akòde TRiboLAND, Joseph Petit-Homme, alyas “Konpè Djo” ki se yon natif Boden deklare “se yon maswife ke nap moute ak sasen kominal Pòdpè yo; yo kraze kay nou, yo pran lajan nan men nou, yo fè nou kouri vann yo tè pou granmesi, yo fè nou re-achte ankò e ban nou resu; alòske yo pa sispan fè konfyolo ak otorite jidisyè ou polisyè kap pèsekite nou e fè tout egzasyon nan non LETA, sou pwetèks yap kraze kay ak anplasman pou konstwiksyon twonson wout Pòdpè-Ansafolè”.

Majistra pwezume kriminèl Jovenel Moise te rekondwi pou travay pou li nan vil Pòdpè a, pa venere memwà Jovenel Moise lè li deside ap kontinye ap fonksyone andeyò ou nan konfyolo ak lajistis yon fason pou pèpetre zak malonèt sou yon popilasyon ke leta a pa menm konnen egzistans li. Abitan yo deklare yo fatige ak pwatik enjistis jeneralize sa a ke otorite Federal yo fèmen zye sou li. Majistra raketè a ou alafwa kriminèl, itilize modèl “rache separe a” pou benyen ragagann nan kòripsyon ak plizyè lòt sektè ki byen idantifyàb, dapwè “Roro” e “Annette”, rezidan vil Pòdpè ki te subi “abi otorite” ak “enjistis agrè” anba men ekip mafya nan komin Pòdpè a ki deside etèn souf lajistis nan rejyon an. Depi se pwezume krim ki gen pou wè ak Josué Alusma, lajistis ak lapolis toujou banalize yo, e viktim yo pa genyen anyen ke yo ka fè; okontrè yo subi plis menas anba men yon seri antite tankou: jij, avoka, komisè gouvènman, jounalis, jèn, note e notab ke Alusma ta sanble favorize pwopwiyetè leta.

Majistra ap fè resèt e kraze yon pakèt kay moun sou pwetèks ke yo bati sou tè leta; alòske menm tè sa yo li sezi a, li pase yo ou vann yo touswit ak lòt moun. Si nou ta vle repete yon latriye revelasyon, gen moun ki arive negosye de 3,000 jiska 60,000 mil dola ou goud ak majistra Alusma pou yo ka rete sou tè ke li deklare se tè leta. Dapwè pwezidan katèl enterimè a, leta bay lakomin otorizasyon pou genyen 81.20m soti sou lanmè a rive sou pwopwiyete yo. Sepandan, genyen anpil anachi ak deriv “zoning” ki fèt, kòmanse nan zòn bò lanmè “Nan Chalè” rive jous “Lavo”, ki sa ki di ak moun sa yo ki pafwà genyen otèl e menm konstwi anndan lanmè a? Selon revelasyon yo, gen gwo kòb ki bay e gen menm abitan ki oblije vann kabwit, mouton, bèf e menm asèpte bay Josué Alusma plizyè fèy planch pou negosye kay yo ak teren yo. Se yon veritab “efondreman leta” ak “adminstrasyon santi kri” ke vil Pòdpè pat janm dòmi reve tonbe ladan l.

Moun Boden ak divès lòt moun nan diferan seksyon kominal nan depatman Nòdwès, mande mouche leta nan Pòtopwens vin pote yo sekou. Yo pèdi kay ak teren enjis e san pwosè anba men yon direksyon lapolis ak jistis santikri ki nan konfyolo e koripsyon ak Josué Alusma ki lage nan komin nan kòm anjandre ki gen inik dwà sou vi ak pwopwiyete moun. Yon ankèt muskle sou moun kap pwoteje Alusma ak sou pwopwiyetè li van ou favorize nan depatman Nòdwès, legal ou ilegal nan non “L’état Haitien”, tap yon bon opòtinite pou leta kraze tèt rezo kòripsyon an, poze sele sou byen e mete akòte kò mafya ou viris pichon kap fini ak byen leta e abitan nan sosyete nòdwès la ki pa wè Lajistis depi digdantan.

Comments are closed.