Nòdwès resevwa yon lòt rakle lapli, plizyè lokalite kontinye ap pran lam

678

Pòdpè___(TRiboLAND) Lanwit vandredi 19 jwen an se yon lòt mizèrere pou depatman Nòdwès espesyàlman nan komenn Pòdpè kote ke plizyè lokalite sakaje e ap naje nan dlo.

Lokalite tankou Boden, Gri Gri, Karenaj e latriye pase move moman anba men yon lòt sakad lapli ki pa sispann tonbe nan lanwit 19 pou rive 20 jwen 2020 an. Plizyè zònn anba zesèl vil Pòdpè inonde ak yon lòt rakle lapli ki ta sanble deside bay payèt pou kèk tan.

Plizyè lokalite afekte anba gwo dlo ki fè bon jan dega nan plizyè rezidans. Pou Kòdonatè Kazek Boden an, Kenry Calixte, nou te pwevwa tout sa ki rive zònn sa yo; malerezman, malgre moute desann ak demach pou ofwi sitwayen yo kèk ti travay pase men nan diferan kwen ki riske yo, anyen pat janm materialize. “Nou abòde plizyè responsab tankou TPTC, Delege depatmantal la e majistra a, yo woule nou nan farenn e yo pa okipe nou tankou chyen, alòske yo chaje ak materyèl ke yo mete nan vitrinn pou popilasyon an gade sèlman,” dapwè Mesye Calixte.

Dapwè Kazek la, se anba pon Hotel Breeze Marina a ki bouche ki koz dlo a rebondi  ki pèmèt li anvayi zònn Boden an. Pou Kazek la, delivwans peyi sa pa pou demen; leta posede materyèl tankou traktè….se vre, men yo senpleman chita la pou bèbèl e se nan gwo demach ak tanpwi souple pou arive rankontre responsab yo, pou nou pa di jwenn sèvis nan men yo pou pwoteje e debleye yon seri espas piblik pou pwevansyon.

Bagay la reyèlman revòltan pou tout kazek yo nan depatman Nòdwès la. Plizyè nwit anba inodasyon san lumyè fas a yon leta ki pa bouke mande sitwayen yo gaz ak fwè pou operatè pou fè kado ti gout sèvis piblik ak materyèl pèp la, se plis ke vyolans kont lavi ak dwa moun.

Comments are closed.