Gwo lawouzay lapli nan depatman Nòdwès la paralize majorite aktivite.

878

01 – 23 – 2024

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè komin nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan chèflye depatman an, vil Pòdpè ak seksyon kominal ki antoure l yo pase yon move moman anba lapli, jounen lendi 22 janvye 2024 la, akòz tansyon tan an ki monte disèt wotè; yon tansyon ki okazyone majorite aktivite yo paralize.

Wout bloke, gwo pil fatra ak labou kouche menm kote, kanal dlo ap devèse tonbe nan lari, pòt lekòl, ak divès lòt enstitisyon komèsyal fèmen, mache paralize, se ekpresyon vizaj Site Kapwa Lamò a ki fin banalize anba pye zotobre ki pa tcheke.

Li enpòtan pou konnen, gwo lapli ki tap tonbe sèmen pase sou depatman Nòdwès la te koupe pasaj moun Ba-Nòdwès ak wo Nòdwès, sa ki te kreye yon veritab panik, mete sou jounen lapli sa a; bagay yo pral vrèman mongonmen pou abitan yo fas ak yon gouvènman gang kap krate santi!

Comments are closed.