Marijuana (Mannrijuana) sot tonbe anlè tankou lapli nan Tè Sent la

243

09\05\2020

Tèl Aviv_____(TriboLAND) Yon pakèt santèn ti sachè marijuana sot tonbe tankou lapli semen sa nan syèl kapital peyi Izrayèl la notamman sou plas Sentral Tèl Aviv la; yon evenman ki kreye yon pakèt kè kontan lakay pasan ki pat pran tan pou kouri plonje sou lamann mirakilez sa!

“Se pa yon avyon? Se pa yon zwazo? Non, se “dwòn vèt la”, ki ap distribye gratwitman marijuana depi nan syèl la rive sou tè a”, se sa group “Dwòn Vè” a ekri nan yon mesaj siblim sou yon aplikasyon Telegram, daprè plizyè medya izrayelyen.

Yon pakèt santèn ti sachè  ke yon dwòn parachute, fè yon pakèt moun ki tap pase leve danse e kouri ranmase pakè sa yo ki genyen 2 gram marijuana e ki te tonbe bò Plas Rabin, devan municipal Tèl Aviv la; yon sèn ki tèt koupe ak lè zansèt izrayelyen yo tap resevwa nan dezè a,  “lamann” ki tap soti nan syèl la.

Lapolis te oblije entèpele 2 jènn pilòt ki tap opere “dwòn vè” a. Sepandan, sa pa anpeche ke yo anonse yon lòt projè “Lapli marijuana” ap pouswiv chak semen nan yon rejyon diferan nan peyi Izrayèl kote ke yo konte lage sot nan syèl yon kilo mannrijuana.

Comments are closed.