Katèl kazèk 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav la, prezante bay popilasyon an, 3 jèn gason brigady

796


04 – 25 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yacinthe Francillon, Frenel Choulougte ak Sartuné Saint Nejuste, se non 3 jèn brigadye katèl kazèk 12ème seksyon kominal Tigwav la, prezante bay payizan yo, maten jedi 25 avril la, nan biwo yo, nan kad yon rankont yo reyalize ak kaptè e notab yo sou ensekirite ak vòl zannimo ki komanse ap devlope nan divès lokalite nan nivo Wo seksyon an.

Se yon inisyativ katèl kazèk la pran nan tèt kole ak lapolis, lajistis ak yon gwo asosyasyon ki nan zòn nan ki rele Asosyasyon Peyizan Vali (APV).

Katèl kazèk la ki tap prezante brigadye yo, deklare desizyon sa a, pran nan lide pou yo akonpaye peyizan yo nan kèk sikontans, tankou, pote yon manda envitasyon, kontwole je enkoni kap frekante seksyon an, kesyone yo, voye je sou anviwonman kap fin degrade epi akonpaye otorite seksyon kominal yo, ak kaptè yo.

Yon inityativ patisipan yo aplodi, yo bay garanti yo pral kolabore ak 3 jèn gason brigadye sa yo, yon fason pou fasilite tach yo.

Comments are closed.